Isaiah 63:6
Mwen fè yon sèl kòlè, mwen kraze yon bann pèp. Mwen dechèpiye yo sitèlman mwen te fache. Mwen fè dlo kò yo benyen kò yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 21:20Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous.
Psalms 75:8(075:9) Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.
Isaiah 26:5Li fè moun ki te gen gwo lide nan kè yo bese tèt yo byen ba. L'a kraze gwo lavil yo te bati pou pwoteje yo a, li demoli l' nèt ratè.
Isaiah 49:26Moun k'ap fè nou pase tray yo, m'ap fè yo yonn manje lòt. Y'ap bwè pwòp san yo jouk y'a sou tankou moun ki bwè diven. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap sove nou. Se mwen menm, Bondye fanmi Jakòb la, Bondye ki gen pouvwa a, k'ap delivre nou.
Isaiah 51:21Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm ki nan soufrans, koute pawòl sa yo byen, nou menm ki sou tankou si nou te bwè diven.
Jeremiah 25:16Y'a bwè, pye yo ap trese, y'a pèdi tèt yo lè y'a wè lagè m'ap voye nan mitan yo.