Isaiah 66:15
Seyè a ap vin nan yon gwo dife. Li moute sou nwaj yon gwo tanpèt pou l' vin pini moun ki te fè l' fache yo, pou l' regle yo jan li te di l'ap regle yo a nan yon gwo boukan dife.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 18:9(018:10) Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li.
Psalms 50:3Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.
Psalms 97:3Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase.
Isaiah 30:30Seyè a pral fè tout moun tande fòs vwa li, li pral fè yo santi fòs ponyèt li lè li move. Lè sa a, va gen flanm dife, van siklòn, gwo tanpèt, lapli ak tanpèt lagrèl.
Jeremiah 4:3Men sa Seyè a di moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo: Fè bwa nèf. Pa plante nan pikan.
Daniel 11:40Lè tan wa Siri a pral bout, wa Lejip la pral atake l'. Wa Siri a pral vare sou li tankou yon van siklòn, li pral mache sou li ak tout cha lagè li yo, tout kavalye l' yo ak anpil batiman. L'ap anvayi anpil peyi, l'ap tankou yon gwo larivyè k'ap desann.