James 2:19
Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble sitèlman yo pè.
Bib La
In The King James Version
Thou believest that there is one God; thou doest well: the devils also believe, and tremble.
In Context
Cross References
Isaiah 43:10Men pawòl Seyè a di: -Se nou menm menm ki pou sèvi m' temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m', pou nou konnen m', pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pa t' gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye.
Isaiah 44:8Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble. Depi lontan mwen te fè nou konn sa, mwen te di nou sa. Nou pral kanpe pale pou mwen. Eske gen lòt bondye pase mwen menm? Eske gen lòt bondye ki ka pwoteje moun? Mwen menm, mwen pa konnen l'.
Isaiah 45:21Vin plede kòz nou! Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di! Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè konnen sa depi lontan? Se pa t' mwen menm, Seyè a? Nanpwen lòt bondye pase mwen menm. Mwen se Bondye ki pa nan patipri. Se mwen ki ka delivre moun.
Jonah 4:4Seyè a reponn li: -Ki rezon ou genyen pou ou fache konsa?
Zechariah 14:9Lè sa a, se Seyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen.
Mark 1:24-ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a.