The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 1 › Jeremiah 1:16

Jeremiah 1:16

M'a pini moun nan peyi a jan m' te di l' la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y' al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo.

Bib La

In The King James Version

And I will utter my judgments against them touching all their wickedness, who have forsaken me, and have burned incense unto other gods, and worshipped the works of their own hands.

In Context

15Paske m'ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Y'a vini, y'a mete fotèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm. Y'ap fè wonn miray ranpa l' yo, y'ap atake tout lavil nan peyi Jida yo.

17Men ou menm, Jeremi, mete gason sou ou! Leve non! Di yo tou sa mwen ba ou lòd di. Ou pa bezwen pè yo. Si ou pè yo, m'ap fè ou pi pè yo lè w'a devan yo.

Read all of Jeremiah 1

Cross References

Deuteronomy 28:20Si nou fè bagay ki mal, si nou vire do bay Seyè a, l'ap voye tout kalite madichon sou nou: Nou p'ap konn sa pou n' fè, n'a gen kè sere nan tou sa n'ap fè jouk n'a rete konsa n'a fin disparèt nèt, paske nou te fè bagay ki mal, nou te vire do ba li.

Joshua 24:20Si nou lage Seyè a, si n' al sèvi lòt bondye, Seyè a pral leve dèyè nou. Atout li te fin fè tout byen sa yo pou nou, l'a pini nou, l'a fini nèt ak nou.

2 Chronicles 7:19Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m' mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n al sèvi lòt bondye, si n' al adore lòt bondye,

2 Chronicles 28:2Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo. Li menm rive fè estati an kwiv pou Baal yo.

Isaiah 2:8Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.

Isaiah 44:15Moun sèvi ak moso nan rès bwa a pou boule. Yo fè dife pou yo chofe kò yo, pou yo kwit manje. Avèk rès bwa a yo fè yon bondye pou yo sèvi, yon estati pou yo mete ajenou devan l'.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 1:16

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 1:15Jeremiah 1Jeremiah 1:17 →