Jeremiah 1:5
-Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou ou te yon pwofèt pou nasyon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
6Mwen reponn li: -Aa! Seyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.
Cross References
Exodus 33:12Moyiz di Seyè a: -Ala ou di m' fè pèp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m' kilès w'ap voye avè m' pou ede m'. Men, koulye a ou di m' ou konnen m' byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil.
Psalms 71:5Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason.
Psalms 139:16Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.
Isaiah 49:1Nou menm ki rete nan zile yo, koute sa m'ap di nou! Nou menm ki rete byen lwen yo, pare zòrèy nou! Depi m' fèt, Seyè a chwazi m'! Depi nan vant manman m', li rele m' pou m' sèvi l'.
Jeremiah 1:10Jòdi a, m'ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante.
Jeremiah 25:13M'ap voye sou peyi Babilòn lan tout malè mwen te di m'ap voye yo, tou sa pwofèt Jeremi te fè konnen nan non mwen sou nasyon yo, jan sa ekri nan liv sa a.