Jeremiah 1:7
Men, Seyè a di mwen: -Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kot tout moun m'ap voye ou. W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Mwen reponn li: -Aa! Seyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.
Cross References
Exodus 6:29-Se mwen menm ki Seyè a! Tou sa mwen di ou la a, se pou ou rapòte l' bay farawon an, wa Lejip la.
Numbers 22:20Jou lannwit sa a, Bondye vin jwenn Balaram, epi li di l' konsa: -Si se chache mesye sa yo vin chache ou, ou mèt leve ale ak yo. Men, se sa mwen di ou fè ase pou ou fè.
1 Kings 22:14Men, Miche reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye vivan an, sèvi m' temwen. Sa Seyè a va di m' di se sa m'a di.
Jeremiah 1:17Men ou menm, Jeremi, mete gason sou ou! Leve non! Di yo tou sa mwen ba ou lòd di. Ou pa bezwen pè yo. Si ou pè yo, m'ap fè ou pi pè yo lè w'a devan yo.
Jeremiah 43:1Lè Jeremi fin di pèp la tou sa Seyè a, Bondye yo a, te voye l' di yo, ki vle di tout pawòl ki ekri pi wo a,
Ezekiel 3:17-Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesaj m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen.