Jeremiah 1:9
Apre sa, Seyè a lonje men l', li manyen bouch mwen. Epi li di m': -Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 4:15W'a pale avè l', w'a di l' sa pou l' di. m'a ede nou tou de lè n'a gen pou nou pale. m'a di nou sa pou nou fè.
Deuteronomy 18:17Lè sa a, Seyè a di mwen konsa: Sa yo di a, se vre wi.
Isaiah 6:6Yonn nan bèt vivan yo pran yon chabon dife tou limen ak yon pensèt sou lotèl la, li vole vin bò kote m' avèk chabon dife a nan men li.
Isaiah 50:4Seyè a moutre m' sa pou m' di, pou m' ka ankouraje moun ki pa kapab ankò. Chak maten li louvri zòrèy mwen, pou m' ka tande sa li pral moutre m', jan yon bon patizan fèt pou fè.
Isaiah 59:21Seyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m' sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 15:19Men sa Seyè a reponn mwen: -Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou, w'a kanpe devan m' ankò pou ou sèvi m'. Si ou sispann pale anlè pou se bon pawòl k'ap soti nan bouch ou ase, m'a fè ou pale pou mwen ankò. Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou. Ou p'ap bezwen al dèyè yo.