Jeremiah 10:15
Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.
Bib La
In The King James Version
They are vanity, and the work of errors: in the time of their visitation they shall perish.
In Context
Cross References
1 Samuel 5:4Nan denmen ankò lè yo leve nan maten, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Seyè a. Tèt li ak de bra l' yo te kraze, yo te sou papòt tanp lan. Se rès kò a ase ki te rete.
Psalms 115:9Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.
Isaiah 41:24Men, gade! Se pa anyen nou ye! Tou sa n'ap fè yo pa vo anyen menm! Se yon avilisman pou moun ki pran nou pou bondye yo!
Isaiah 57:12M'ap denonse tou sa n'ap plede fè pou sove tèt nou. Nou kwè l'ap bon pou nou, men sa p'ap sèvi nou anyen.
Jeremiah 8:19Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Seyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Seyè a reponn: -Poukisa nou fè m' fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.
Jeremiah 10:11Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pa t' fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la.