Jeremiah 10:16
Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.
17Nou menm moun lavil Jerizalèm, lènmi sènen nou toupatou. Ranmase pakèt nou!
Cross References
Exodus 34:9Li di: -Seyè! Si ou kontan m' vre, tanpri, mache avè nou non! Pèp sa a, se yon bann moun ki gen tèt di, se vre. Men, padonnen fòt nou yo ak peche nou yo. Asepte nou pou moun ki rele ou pa ou.
Psalms 16:5Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.
Psalms 73:26Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
Psalms 119:57Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo.
Psalms 142:5(0142:6) Mwen kriye nan pye ou, Seyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.
Isaiah 19:25Seyè a va beni yo, l'a di konsa: -benediksyon pou Lejip, pèp mwen an, pou Lasiri mwen te fè ak men mwen an, ak pou Izrayèl ki rele m' pa m' lan.