Jeremiah 10:25
Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Korije pèp ou a, Seyè. Men, pa peze l' twòp! Pa fè kòlè sou li, paske w'a fini avè l'.
Cross References
Psalms 14:4Seyè a di: Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!
Psalms 79:6Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo.
Isaiah 64:7Pesonn pa lapriyè ou ankò! Pesonn pa chonje reve vin mande ou sekou. Ou vire do ban nou. Ou lage nou, ou kite peche nou yo fini ak nou.
Jeremiah 30:16Men, yon lè yo gen pou yo devore moun k'ap devore ou koulye a. Y'ap fè tout moun ki pa vle wè ou yo prizonye, y'ap depòte yo. Y'ap piye moun k'ap piye ou yo. Y'ap fini ak moun k'ap fini avè ou yo.
Jeremiah 50:17Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la te tankou mouton ki pèdi bann yo. Lyon gaye yo nan tout raje. Premye moun ki mete men sou yo se te wa peyi Lasiri a. Apre sa, se te Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, ki te kraze tout zo yo.
Lamentations 2:22Ou fè moun k'ap fè m' pè yo soti toupatou pou yo vin danse, fè fèt sou do m'. Lè Seyè a move, pesonn pa ka chape, tout moun gen pou mouri. Lènmi m' yo touye ata timoun mwen te renmen yo, timoun mwen te elve yo.