Jeremiah 10:5
Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo, paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo, yo pa ka fè anyen ni an byen ni an mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Yo dekore l' ak ajan, ak lò. Yo pran mato ak klou yo kloure l' pou fè l' kanpe pou l' pa tonbe.
6Seyè, pa gen tankou ou! Ou gen pouvwa. Yo respekte ou pou sa ou fè.
Cross References
Deuteronomy 4:28Lè n'a rive nan peyi sa yo, nou pral fè sèvis pou bondye moun fè ak men yo, pou zidòl fèt an bwa, osinon an wòch, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka manje, ki pa ka pran sant anyen.
Psalms 115:5Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.
Isaiah 16:12Moun peyi Moab yo ap touye tèt yo moute nan mòn. Yo pral nan tanp pou yo lapriyè. Men, sa p'ap sèvi yo anyen.
Isaiah 44:9Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita.
Isaiah 45:20Seyè a di ankò: -Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen!
Isaiah 46:7Yo leve l' mete sou zepòl yo, yo pote l' ale. Yo mete l' kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l' la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l' kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray.