Jeremiah 10:6
Seyè, pa gen tankou ou! Ou gen pouvwa. Yo respekte ou pou sa ou fè.
Bib La
In The King James Version
Forasmuch as there is none like unto thee, O LORD; thou art great, and thy name is great in might.
In Context
Cross References
Exodus 9:14Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m' sou tout latè.
Deuteronomy 32:31Lènmi yo konn byen pwòp bondye k'ap pwoteje yo a pa ka parèt devan Bondye pèp Izrayèl la.
2 Samuel 7:22Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou la gwo! Pa gen tankou ou! Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa.
Nehemiah 4:14Lè m' wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen di yo: -Nou pa bezwen pè moun sa yo! Chonje jan Seyè a gen pouvwa, jan li fè moun pè l'. Ann goumen pou moun menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo.
Psalms 35:10M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo.
Psalms 86:8Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!