Jeremiah 11:16
Yon lè, mwen te rele yo: Bèl pye oliv mwen an, plen fèy, chaje donn. Men, koulye a, m'ap vini ak yon bri loraj, m'ap mete dife nan fèy li yo, m'ap kase tout branch li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 80:16(080:17) Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri!
Psalms 83:2(083:3) Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!
Isaiah 27:11Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t' konprann anyen, Bondye ki te kreye l' la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l' la p'ap fè l' gras.
Jeremiah 21:14Men m'ap pini nou pou sa nou fè. M'ap mete dife nan gwo bèl kay bwa nou yo. Dife a pral boule tou sa ki bò kote yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Ezekiel 20:47W'a di rakbwa Negèv la: Koute sa Seyè a di. Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Gade rakbwa! Mwen pral limen yon sèl dife ki pral boule dènye pyebwa ou genyen, kit yo vèt, kit yo chèch. Anyen p'ap ka touye dife sa a. L'ap gaye depi nan sid rive nan nò. Tout moun pral santi chalè dife a.
John 15:6Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo.