Jeremiah 11:20
Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, ou se yon jij ki pa nan patipri. Ou sonde tou sa ki nan kè ak nan lide moun. Mwen lage kòz mwen nan men ou. Fè m' wè jan w'ap tire revanj ou sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
1 Samuel 24:15Seyè a va sèvi nou jij! L'a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou l' mete bouch nan zafè a, pou l' pran defans mwen, pou l' delivre m' anba men ou.
1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
Job 5:8Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'.
Psalms 7:10(07:11) Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.
Psalms 35:2Pran zam ou sèvi pou pare kou a, leve non, vin pote m' sekou.