Jeremiah 11:4
Se kontra sa a mwen te pase ak zansèt nou yo lè mwen t'ap fè yo soti kite peyi Lejip, peyi ki te tankou yon gwo dife nan dèyè yo. Mwen te di yo: Se pou nou koute m', se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Se konsa, n'a yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'a sèl Bondye nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:8Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
Exodus 23:21Veye kò nou devan li. Koute sa l'ap di nou. Pa kenbe tèt avè l'. Si nou fè sa, li p'ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l'ap fè tou sa l'ap fè a.
Leviticus 26:3Si nou mache dapre lòd mwen yo, si nou kenbe tout kòmandman m' yo, si nou swiv yo,
Deuteronomy 4:20Kanta nou menm, Seyè a te pran nou, li fè nou soti kite peyi Lejip ki te pou nou tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè, epi li fè nou tounen sa nou ye koulye a: yon pèp ki rele l' pa l'.
Deuteronomy 5:6Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.
Deuteronomy 28:1Si nou koute Seyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Seyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.