Jeremiah 11:5
Lè sa a m'a kenbe pwomès ak gwo sèman mwen te fè bay zansèt nou yo, pou m' te ba yo yon bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo. Se peyi sa a ki pa nou jòdi a! Mwen reponn: -Se vre, Seyè!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:16-Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.
Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Exodus 13:5Seyè a va fè nou antre nan peyi ki pou moun Kanaran yo, pou moun Et yo, pou moun Amori yo, pou moun Evi yo ak moun Jebis yo. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se peyi sa a Seyè a te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo. Lè l'a fè nou antre nan peyi sa a, n'a toujou fè sèvis sa a nan menm mwa a.
Deuteronomy 6:3Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa ki va fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la.
Deuteronomy 27:15-Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l' yon kote pou l' fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Seyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
Psalms 105:8-(we vèsè pwochen)