Jeremiah 11:7
Paske, depi lè mwen t'ap fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip jouk rive jòdi a, mwen pa manke avèti yo. Depi lè sa a m' dèyè yo, m'ap mande yo pou yo koute sa m' te di yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:21Veye kò nou devan li. Koute sa l'ap di nou. Pa kenbe tèt avè l'. Si nou fè sa, li p'ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l'ap fè tou sa l'ap fè a.
Deuteronomy 5:29Mwen ta swete yo toujou gen bon santiman nan kè yo pou yo ka gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lòd mwen yo, konsa yo ta viv ak kè kontan tout tan, ni yo menm ni pitit yo.
Deuteronomy 8:6Se poutèt sa, toujou kenbe tout lòd Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou nou ka mennen bak nou dwat nan chemen li mete devan nou yo, lèfini pou nou toujou gen krentif pou li.
Deuteronomy 11:26Jòdi a, mwen mete benediksyon ak madichon devan nou. Se nou ki pou chwazi.
Deuteronomy 28:1Si nou koute Seyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Seyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.
1 Samuel 8:9Se poutèt sa, koute sa y'ap di ou. Tansèlman, avèti yo pou mwen. Tou fè yo konnen ki jan yon wa pral boule ak yo.