Jeremiah 12:1
Ou menm Seyè, ou pa nan patipri. Mwen pa ka nan plede avè ou. Men, mwen ta renmen mande ou yon bagay sou sa w'ap fè a. Poukisa zafè mechan yo mache byen konsa? Poukisa tout moun malonèt yo alèz konsa?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:4Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis.
Job 8:17Rasin yo mache nan mitan tout fant wòch yo. Se la yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv.
Job 13:3Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m' annafè. Se avè l' mwen vle pale pou m' defann kòz mwen.
Job 24:12Nan lavil yo, ou tande moun k'ap mouri yo ap plenn. Ou tande moun ki blese yo ap rele anmwe. Men, Bondye fè tankou li pa tande yo.
Psalms 37:1Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!
Psalms 51:4(051:6) Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.