Jeremiah 12:11
Yo fè l' tounen yon savann. Men, li la devan je m'. Li fini, san anyen ladan l'. Tout peyi a tounen yon dezè, san pesonn pa di anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ecclesiastes 7:2Pito ou ale nan yon kay kote ki gen lanmò pase pou ou ale nan yon kay kote y'ap fè fèt, paske tout moun gen pou mouri. Nou menm ki vivan, nou pa dwe janm bliye sa.
Isaiah 57:1Moun k'ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pesonn anyen. Moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pesonn pa wè sa. Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt.
Jeremiah 9:9Atò pou m' pa ta pini yo pou tout bagay sa yo? Atò pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 9:11M'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon pil mazi kote chat mawon rete. M'ap fè tout lavil peyi Jida yo tounen dezè san pesonn ladan yo.
Jeremiah 10:25Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.
Jeremiah 14:2-Peyi Jida nan gwo lapenn, lavil li yo ap depafini. Tout moun kouche atè ap plenn. Nan lavil Jerizalèm moun ap rele anmwe!