Jeremiah 12:3
Men, ou menm Seyè, ou konn ki moun mwen ye, ou wè sa m'ap fè, ou wè jan m' renmen ou. Pote mechan yo ale tankou mouton y'ap mennen labatwa! Kenbe yo la jouk lè a va rive pou yo touye yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 29:17Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo.
Psalms 7:9(07:10) Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.
Psalms 17:3Ou mèt sonde kè m', ou mèt vin wè m' nan mitan lannwit, ou mèt egzaminen m' tout jan, ou p'ap jwenn okenn move lide nan kè m'. Pawòl ki nan bouch mwen, se li ki nan kè m'.
Psalms 44:21(044:22) èske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun?
Psalms 139:23Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'!
Jeremiah 17:18Se moun k'ap chache touye m' yo ki pou wont. Pa mwen. Se yo ki pou gen kè kase. Pa mwen. Fè malè tonbe sou yo. Kraze yo an miyèt moso!