Jeremiah 12:6
Ata frè ou yo, pwòp fanmi ou yo, ap trayi ou. Yo mete tèt yo ansanm ak lòt moun sou do ou. Pa fè yo konfyans, menm lè ou wè yo ap pale byen avè ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 6:15Men, frè m' yo, nou p'ap di m' anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe.
Psalms 12:3(012:4) Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.
Proverbs 23:8W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen.
Isaiah 31:4Men sa Seyè a di m' ankò: -Menm jan yon gwo lyon osinon yon ti lyon ap gwonde lè li fin pran yon bèt, tout gadò yo te mèt mete ansanm pou goumen ak li, yo te mèt rele, sa p'ap fè l' pè, yo te mèt anpil, sa p'ap kraponnen l', konsa tou, Seyè ki gen tout pouvwa a pral desann pou l' pran defans mòn Siyon an ak ti mòn ki pou li a.
Jeremiah 9:4Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pesonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang.
Jeremiah 11:21Mesye lavil Anatòt yo te soti pou yo touye m'. Yo di m' konsa: O wi, si ou louvri bouch ou pou pale nan non Seyè a ankò, n'ap touye ou.