Jeremiah 12:7
Seyè a di ankò: -Mwen lage pèp Izrayèl la, mwen voye pèp mwen te chwazi a jete, mwen lage pèp mwen te renmen anpil la nan men lènmi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 33:12Men sa li di pou branch fanmi Benjamen an: Se moun Seyè a renmen anpil. Y'a viv ak kè poze bò kote l'. Bondye ki anwo nan syèl la va toujou pwoteje yo, l'a moute kay li nan mitan yo.
Psalms 78:59Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete.
Psalms 106:40Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo.
Jeremiah 7:14Enben! Sa m' te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an.
Jeremiah 11:15Seyè a di ankò: -Pèp mwen renmen anpil la gen move lide dèyè tèt yo. Ki dwa yo genyen pou yo vin nan Tanp mwen an? Yo gen lè konprann yo ka egzante malè k'ap vin sou yo a avèk bèl pwomès y'ap fè m' yo, yo ka chape anba l' avèk vyann anpil bèt y'ap ofri pou mwen yo, apre sa pou y' al pran plezi yo?
Jeremiah 22:5Men, si nou pa koute m', m'ap fè nou sèman: palè sa a gen pou kraze. Se mwen menm Seyè a ki di sa.