Jeremiah 12:9
Pèp ki te rele m' pa m' lan tankou yon zwazo tout koulè, malfini sènen l' toupatou. Ale non! Sanble tout bèt nan bwa. Fè yo vini pran pa yo nan manje a!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 24:2Lè sa a, Seyè a voye ansasen soti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Moab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l' dapre sa Seyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l' yo.
Isaiah 2:12Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.
Jeremiah 2:15Y'ap gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo.
Jeremiah 15:3Mwen pral voye kat kalite malè sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa: Nepe pou touye yo, chen pou trennen yo pote ale, zwezo nan syèl pou devore yo, bèt nan bwa pou fini ak yo.
Ezekiel 23:22Se poutèt sa, Oliba, men mesaj mwen menm Seyè a voye ba ou: Ou te vin rayi nonm ou yo! Enben, mwen pral moute tèt yo sou ou, mwen pral fè yo soti toupatou pou yo vin sènen ou.
Ezekiel 39:17Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Rele tout kalite zwezo ak tout kalite bèt nan bwa. Fè yo soti toupatou nan vwazinaj la pou yo sanble vin manje bèt mwen pare pou m' touye pou yo a. Pral gen yon gwo fèt sou mòn Izrayèl yo, kote yo pral manje vyann, kote yo pral bwè san.