Jeremiah 14:10
Men sa Seyè a di pèp la: -Wi! Yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret an plas. M' pa kontan ak yo. M'ap chonje tout mal yo fè, m'ap pini yo pou tout peche yo fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Pa vin mande m' pou m' fè anyen pou pèp sa a.
Cross References
1 Samuel 15:2Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Li pral pini moun Amalèk yo paske yo te kenbe tèt ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap moute soti peyi Lejip.
Psalms 95:10Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Psalms 119:101Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.
Jeremiah 2:25Izrayèl, manyè sispann! W'ap plede fatige janm ou yo! Gòj ou ap fin chèch! Men w'ap di: Non! M' pa kab fè anyen pou sa! Mwen renmen bondye lòt nasyon yo. Fòk m' al dèyè yo.
Jeremiah 3:1Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 8:5Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.