Jeremiah 14:12
Yo te mèt fè jèn, mwen p'ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k'ap fè m' kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Pa vin mande m' pou m' fè anyen pou pèp sa a.
Cross References
Proverbs 1:28le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen.
Proverbs 21:27Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.
Isaiah 1:11Li di yo: Sa pou m' fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.
Isaiah 58:3Pèp la ap di: -Sa nou bezwen fè jèn fè si Bondye p'ap wè sa? Sa nou bezwen pran lapenn pou sa nou fè ki mal si ou p'ap gade sou sa? Seyè a reponn yo: -M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou ase. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou yo.
Jeremiah 7:21Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Pran tout vyann nou te konn ofri pou boule nan dife, mete yo sou vyann bèt nou touye yo. Lèfini, manje tout.
Jeremiah 11:11Enben! Se mwen menm Seyè a k'ap pale: Mwen pral voye yon malè sou yo. Yo p'ap ka chape anba l'. Y'a kriye nan pye m', mwen p'ap koute yo.