Jeremiah 14:15
Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t' janm voye yo men ki pran non l' pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 22:25Miche reponn li: -W'a konn sa lè w'a kouri pase soti nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon!
Jeremiah 6:15Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 8:13Mwen te soti pou m' te ranmase pèp mwen an tankou moun k'ap ranmase rekòt li. Men, yo te tankou pye rezen san yon rezen ladan l', tankou pye fig frans san yon fig frans ladan l'. Se poutèt sa m' kite etranje pran peyi a nan men yo.
Jeremiah 23:14Men, sa m' wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m' degoutans. Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen. Y'ap plede bay manti. Y'ap ede moun yo fè mechanste. Konsa, pesonn pa sispann fè sa ki mal. Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo.
Jeremiah 29:20Men, nou menm Seyè a te pran lavil Jerizalèm pou l' depòte lavil Babilòn, manyè koute sa Seyè a ap di nou!
Ezekiel 13:9Mwen pral pini pwofèt k'ap fè vizyon pou twonpe moun, k'ap bay mesaj ki pa laverite. p'ap gen plas pou yo lè pèp la va reyini. Yo p'ap gen non yo sou lis fanmi pèp Izrayèl yo. Yo p'ap janm tounen nan peyi a ankò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye sèl Mèt la.