Jeremiah 14:16
Moun yo t'ap bay mesaj sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P'ap gen pesonn pou antere yo. Se konsa m'ap fè yo peye mechanste yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 79:2Yo kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin manje. Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo pou bèt bwa vin manje.
Proverbs 1:31Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo.
Jeremiah 2:17Se nou menm ki chache sa, paske nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, antan li t'ap moutre nou chemen pou nou pran an.
Jeremiah 5:31Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?
Jeremiah 9:20Mwen di: -Nou menm medam, koute sa Seyè a ap di. Louvri zòrèy nou pou nou tande pawòl k'ap soti nan bouch li. Moutre pitit fi nou yo jan pou yo plenn. Y'a moutre zanmi fi yo jan pou yo rele.
Jeremiah 13:22W'a mande tèt ou: Poukisa tout bagay sa yo ap rive ou? Se paske sa ou te fè a te grav anpil kifè yo mete ou toutouni, yo fè kadejak sou ou.