Jeremiah 14:17
Men sa w'a di yo ankò: -Se pou je m' koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 80:4(080:5) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou?
Isaiah 37:22Men pawòl Seyè a di sou li: Senakerib, lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.
Jeremiah 8:21Kè m' ap fann lè m' wè jan y'ap kraze pèp mwen an. M' pa wè sa pou m' fè ankò! M' dekouraje nèt.
Jeremiah 10:19Moun Jerizalèm yo rele: -Ki malè sa a pou nou! Nou pran! Pa gen anyen ki ka sove nou! Nou te kwè se yon malè nou ta ka sipòte.
Jeremiah 30:14Tout moun ki t'ap fè lamou avè ou yo bliye ou. Yo yonn pa okipe ou ankò. Mwen frape ou, tankou si m' te lènmi ou. Pinisyon an te rèd pou ou, paske peche ou la te grav anpil. Ou te fè anpil gwo mechanste.
Lamentations 2:11Je m' wouj afòs mwen kriye. Kè m' sere. M' pèdi kouraj lè m' wè jan pèp mwen an ap fini, jan timoun yo ak ti bebe yo ap tonbe endispoze nan mitan lari kapital la.