Jeremiah 14:19
Seyè, gen lè ou voye pèp Jida a jete nèt? Eske ou rayi moun mòn Siyon yo? Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a? Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive. Nou t'ap tann ou vin geri nou, ou fè nou pè pi rèd.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 17:19Men, ata moun peyi Jida yo tou pa t' kenbe lòd Seyè a, Bondye yo a. Yo t'ap fè tankou moun peyi Izrayèl yo. Yo t'ap fè tout vye bagay moun peyi Izrayèl yo te ranmase.
Job 30:26Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m'.
Psalms 80:12(080:13) Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo?
Proverbs 29:1Moun k'ap fè tèt di lè y'ap rale zòrèy yo, se moun k'ap rete konsa y'ap tonbe san yo pa ka leve ankò.
Jeremiah 7:29Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Seyè a pa vle wè moun ki fè l' fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete.
Jeremiah 8:22Pa gen renmèd pou yo nan peyi Galarad? Pa gen dòktè ankò laba a? Poukisa atò pèp mwen an pa ka jwenn lasante?