Jeremiah 14:22
Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l' pa ka bay lapli. Se ou menm ki Seyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:12L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou peyi a lè sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen pou nou prete tout moun. Nou p'ap janm bezwen mande pesonn prete.
1 Kings 8:36tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche wa a ansanm ak peche pèp Izrayèl la. Moutre yo bon chemen pou yo pran an. Apre sa, Seyè, w'a voye lapli sou peyi ou te bay pèp ou a pou rele l' pa l' la.
1 Kings 17:14Paske men pawòl Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Ti bòl farin frans lan ak ti boutèy lwil oliv la p'ap janm vid jouk jou mwen menm Seyè a m'a fè lapli tonbe sou latè ankò.
1 Kings 18:39Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye!
Job 28:26lè li t'ap bay lòd kote pou lapli tonbe ak chemen pou loraj yo pran lè y'ap gwonde,
Psalms 25:3Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi.