Jeremiah 14:8
Ou se tout espwa pèp Izrayèl la! Se ou ki delivre nou lè malè te pandye sou tèt nou. Poukisa ou aji tankou yon etranje, tankou yon vwayajè k'ap pase yon nwit ase nan peyi nou an?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 9:9(09:10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
Psalms 37:39Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.
Psalms 46:2(046:3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
Psalms 91:15Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'.
Isaiah 33:2Seyè, pitye pou nou! Se nan ou nou mete tout espwa nou! Pwoteje nou jou apre jou! Delivre nou lè nou anba tray!
Isaiah 43:11Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Seyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm!