Jeremiah 15:1
Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Menm si Moyiz ak Samyèl ta kanpe la pou plede avè m' pou yo, mwen pa t'ap gen pitye pou pèp sa a. Wete yo devan je m'. Fè yo ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 19:27Nan granmaten, Abraram leve, li ale kote li te kanpe ap pale ak Seyè a.
Numbers 14:13Men, Moyiz di Seyè a konsa: -Se ou menm ak fòs ponyèt ou ki te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip la.
1 Samuel 7:9Samyèl pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l' nèt, li ofri l' bay Seyè a. Lèfini, Samyèl lapriyè Seyè a pou l' vin ede pèp Izrayèl la. Seyè a reponn lapriyè a.
2 Kings 17:20Se poutèt sa Seyè a vire do bay dènye moun nan ras Izrayèl la. Li fè yo wont, li lage yo nan men yon bann piyajè, jouk li wete yo devan je l'.
Psalms 106:23Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l' pou l' pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.
Jeremiah 7:15M'ap wete nou devan je m', menm jan mwen te voye tout frè nou yo, tout moun branch fanmi Efrayim yo, jete byen lwen.