Jeremiah 15:18
Poukisa m'ap soufri san rete konsa? Poukisa kote m' blese a pa ka geri? M' pa ka jwenn renmèd pou li. Gen lè ou soti pou ou woule m'? Ou tankou yon sous ki bay dlo lè l' vle.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 6:15Men, frè m' yo, nou p'ap di m' anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe.
Job 34:6Li di: Si m' di m' antò, se manti m'ap bay. Mwen malad pou m' mouri. Men, m' pa fè anyen ki mal.
Psalms 13:1(013:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (013:2) Konbe tan ankò w'a bliye m', Seyè? Gen lè ou bliye m' nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m' pa wè ou?
Jeremiah 14:3Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo.
Jeremiah 20:7Seyè, ou pran tèt mwen, wi, mwen kite ou pran tèt mwen. Ou pi fò pase m'. Se ou ki genyen. Tout lajounen moun ap ri m'. Yo tout ap pase m' nan rizib.
Jeremiah 30:12Men sa Seyè a di pèp li a ankò: Pou jan ou donmaje a, pa gen renmèd pou ou. Malenng ou an p'ap janm geri.