Jeremiah 15:19
Men sa Seyè a reponn mwen: -Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou, w'a kanpe devan m' ankò pou ou sèvi m'. Si ou sispann pale anlè pou se bon pawòl k'ap soti nan bouch ou ase, m'a fè ou pale pou mwen ankò. Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou. Ou p'ap bezwen al dèyè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 4:12Bon, ou mèt ale. m'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di.
Exodus 6:29-Se mwen menm ki Seyè a! Tou sa mwen di ou la a, se pou ou rapòte l' bay farawon an, wa Lejip la.
Leviticus 14:57Se konsa n'a konnen lè yon bagay nan bon kondisyon osinon lè li pa nan bon kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye. Se tout regleman yo sa pou move maladi po.
Proverbs 22:29Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.
Jeremiah 1:9Apre sa, Seyè a lonje men l', li manyen bouch mwen. Epi li di m': -Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou.
Jeremiah 15:10Ala yon malè pou mwen! O manman mwen, poukisa ou te fè m'? Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a. Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun. Malgre sa, tout moun ap ban m' madichon.