Jeremiah 15:20
M'ap fè ou kanpe devan moun sa yo tankou yon miray fèt an kwiv byen solid. Y'a goumen avè ou, men yo p'ap ka fè ou anyen. M'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou, pou m' delivre ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
21M'ap delivre ou anba men mechan yo, m'ap fè ou soti anba ponyèt lwijanboje yo.
Cross References
Psalms 37:39Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.
Psalms 46:11(046:12) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!
Psalms 129:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.
Isaiah 8:9Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!
Jeremiah 1:8Ou pa bezwen pè pesonn. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou. Se mwen menm Seyè a ki di ou sa.
Jeremiah 1:19Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p'ap ka fè ou anyen. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m' delivre ou. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.