Jeremiah 15:3
Mwen pral voye kat kalite malè sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa: Nepe pou touye yo, chen pou trennen yo pote ale, zwezo nan syèl pou devore yo, bèt nan bwa pou fini ak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:22M'a lage bèt nan bwa dèyè nou, y'a touye pitit nou yo, y'a fini ak tout zannimo nou yo. Anpil nan nou va mouri tou. p'ap gen pesonn ap mache sou chemen nan peyi a.
Deuteronomy 28:26Lè n'a mouri, se zwazo ak bèt nan bwa ki pral manje kadav nou yo san p'ap gen pesonn pou pouse yo ale.
1 Kings 21:23Men sa Seyè a di sou Jezabèl: Chen gen pou manje kadav li nan mitan lavil Jizreyèl.
Isaiah 18:6Yo pral kite kadav sòlda yo konsa pou zwezo ki manje vyann epi ki rete nan mòn ak pou bèt nan bwa. Nan sezon chalè, zwezo va vin manje yo. Nan sezon fredi, se bèt nan bwa ki va vin manje yo.
Jeremiah 7:33Kadav moun yo va sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa. P'ap gen pesonn pou pouse bèt yo ale.
Ezekiel 14:21Men sa Seyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M'ap voye kat pi gwo chatiman m' yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovaj ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt.