Jeremiah 15:4
M'ap fè tout nasyon sou latè sezi lè y'a wè sa ki rive yo poutèt sa Manase, pitit gason Ezekyas la, te fè nan lavil Jerizalèm lè li te wa nan peyi Jida a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:25L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n' atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.
2 Kings 21:2Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo.
2 Kings 21:15M'ap fè pèp mwen an sa paske yo fè sa ki mal devan m', yo fè m' fache anpil depi jou zansèt yo te soti kite peyi Lejip jouk jounen jòdi a.
2 Kings 23:26Men malgre sa, Seyè a te move toujou sou pèp peyi Jida a depi lè li te fache sou Manase pou sa l' te fè a.
Jeremiah 9:16Mwen pral gaye yo nan mitan yon bann nasyon ni yo menm ni zansèt yo pa t' janm konnen. Mwen pral voye lènmi fè yo lagè jouk mwen fin touye yo nèt.
Jeremiah 29:18M'ap rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon.