Jeremiah 15:6
Se nou menm ki voye m' jete. Se Seyè a menm ki di sa. Se nou menm ki vire do ban mwen. Se konsa, mwen leve men m' sou nou pou m' detwi nou, paske mwen bouke pran pasyans ak nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 78:38Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pa t' touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pa t' fè kòlè sou yo. Li pa t' kite kòlè l' tonbe sou yo.
Isaiah 28:13Se poutèt sa, Seyè a pral pale ak nou, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson. Lè sa a, n'a pral bite, nou pral tonbe sou dèyè, nou pral kase pye nou, nou pral pran nan pèlen, y'ap fè nou prizonye.
Jeremiah 2:13Paske pèp mwen an fè de kalite peche: Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a. Y' ale fè rezèvwa pou dlo. Rezèvwa yo tou fann, yo pa ka kenbe dlo.
Jeremiah 2:19Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Jeremiah 6:19Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l' ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.
Jeremiah 8:5Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.