The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 15 › Jeremiah 15:9

Jeremiah 15:9

Manman ki pèdi sèt pitit la tonbe san konesans. Souf li kout. Gwo midi, solèy kouche pou li. Li wont, li pa konn sa pou l' fè ankò. M'ap lage sa ki vivan toujou nan nou yo nan men lènmi k'ap touye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Bib La

In The King James Version

She that hath borne seven languisheth: she hath given up the ghost; her sun is gone down while it was yet day: she hath been ashamed and confounded: and the residue of them will I deliver to the sword before their enemies, saith the LORD.

In Context

8Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fèk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M' rete konsa m' ba yo kè sere ak kè sote.

10Ala yon malè pou mwen! O manman mwen, poukisa ou te fè m'? Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a. Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun. Malgre sa, tout moun ap ban m' madichon.

Read all of Jeremiah 15

Cross References

1 Samuel 2:5Sa ki te konn manje vant deboutonnen yo al vann jounen pou yo ka jwenn manje pou yo manje. Sa ki t'ap mouri grangou yo pa grangou ankò. Fanm ki pa t' ka fè pitit la fè pitit sèt fwa. Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen.

Jeremiah 15:2Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!

Jeremiah 44:27M'ap veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p'ap voye ankenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p'ap rete yonn ankò.

Lamentations 4:10Manman ki te renmen pitit yo anpil, koulye a, yo kwit yo pou yo manje. Lè malè a tonbe sou pèp mwen an, se sa yo fè pou yo pa mouri grangou.

Ezekiel 5:13M'a tire revanj mwen, m'ap krase yo dèske yo fè m' fè kòlè, m'ap move sou yo jouk mwen pa kapab ankò. Lè sa a, y'a rekonèt se mwen menm Seyè a ki te pale konsa ak yo, paske yo te pouse m' fè jalouzi, mwen te fache sou yo jouk mwen pa kapab ankò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 15:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 15:8Jeremiah 15Jeremiah 15:10 →