The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 16 › Jeremiah 16:12

Jeremiah 16:12

Lèfini, nou menm nou fè pi mal pase yo. Nou tout ap fè tèt di, n'ap swiv tout vye lide ki pase nan tèt nou, nou pa vle koute m'.

Bib La

In The King James Version

And ye have done worse than your fathers; for, behold, ye walk every one after the imagination of his evil heart, that they may not hearken unto me:

In Context

11Lè sa a, w'a reponn yo: -Men sa Seyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y' al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo.

13Se konsa, m'ap mete nou deyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò.

Read all of Jeremiah 16

Cross References

Genesis 8:21Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la.

Deuteronomy 29:19Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l' yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l': Koulye a, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gen dwa fè sa m' pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab.

1 Samuel 15:23Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!

Ecclesiastes 9:3Se menm sò a pou tout moun. Sa tou, tankou tout lòt bagay ki rive sou latè, se yon malè. Se konsa, moun pase tout lavi yo ak mechanste nan kè yo, y'ap kite lide moun fou travay nan tèt yo, epi yo rete konsa yo mouri.

Jeremiah 7:26Men, pesonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo.

Jeremiah 13:10Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m' lè m' pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 16:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 16:11Jeremiah 16Jeremiah 16:13 →