Jeremiah 16:18
Pou konmanse, m'ap fè yo peye doub pou tout peche yo, pou tou sa yo fè ki mal, paske yo derespekte tout peyi m' lan ak vye zidòl yo ki tankou kadav santi. Yo plen peyi a ak fo bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:30M'a detwi tout kay nou bati sou tèt mòn pou fè sèvis, m'a kraze lotèl lansan nou yo mete atè, m'a anpile kadav nou yo atè sou moso estati vye zidòl nou yo. N'a ban m' degoutans.
Psalms 106:38Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye.
Isaiah 40:2Souke kouraj moun lavil Jerizalèm yo! Fè yo konnen yo soufri kont yo atò. Yo fin peye pou sa yo te fè. Seyè a pini yo kont yo pou tout peche yo te fè yo.
Isaiah 65:7pou peche yo ak pou peche zansèt yo. Yo te boule lansan pou zidòl sou mòn yo, yo t'ap derespekte m' sou ti bit mòn yo. Se poutèt sa m'ap regle ak yo jan yo merite l' la.
Jeremiah 3:1Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 17:18Se moun k'ap chache touye m' yo ki pou wont. Pa mwen. Se yo ki pou gen kè kase. Pa mwen. Fè malè tonbe sou yo. Kraze yo an miyèt moso!