Jeremiah 16:5
Wi, men sa Seyè a di ankò: -Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pesonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò. Se mwen Seyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 15:5Nan tan sa yo, pesonn pa t' ka okipe zafè yo ak kè poze, paske te gen gwo dezòd pou tout moun nan tout peyi.
Jeremiah 13:14Apre sa, m'ap frape yo yonn ak lòt pou yo kraze, granmoun kou timoun, tout ansanm. M'ap san pitye, mwen p'ap kite yonn chape. Mwen p'ap pran priyè, m'ap touye yo tout.
Jeremiah 16:6Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pesonn p'ap kriye pou yo. Pesonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo.
Lamentations 3:17Mwen pa konnen sa yo rele kè poze. Mwen bliye sa yo rele kè kontan.
Ezekiel 24:17Plenn sò ou. Men, pa kite moun tande ou! Pa fè anyen ki pou moutre ou nan lapenn tankou yon moun ki gen lanmò. Mare bèl foula ou nan tèt ou. Mete sapat nan pye ou. Pa kouvri figi ou. Pa manje manje moun voye ba ou.
Revelation 6:4Lè sa a, yon lòt chwal koulè wouj soti. Moun ki te moute l' la resevwa pouvwa pou l' mete lagè toupatou sou latè, pou lèzòm ka yonn touye lòt. Yo ba l' yon gwo nepe kenbe nan men li.