Jeremiah 17:10
Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 16:7Men Granmèt la di l': -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l' la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
1 Chronicles 29:17Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo.
Job 34:11Li bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Li aji ak yo dapre jan yo mennen bak yo.
Psalms 7:10(07:11) Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.
Psalms 62:12(062:13) Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Psalms 139:23Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'!