Jeremiah 17:13
Seyè! Se ou ki tout espwa pèp Izrayèl la. Tout moun ki lage ou pral wont. Moun ki vire do ba ou ap disparèt tankou non ki ekri sou sab, paske yo lage ou, Seyè, ou menm ki sous dlo fre a.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Tanp nou an tankou yon bèl fotèy ki kanpe sou tèt mòn lan depi nan konmansman.
14Seyè, geri m' non, m'a gaya! Delivre m' non, m'a sove! Se pou ou m'a fè lwanj.
Cross References
Psalms 22:4(022:5) Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo.
Psalms 69:29(069:30) Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò.
Psalms 97:7Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.
Proverbs 14:14Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li.
Isaiah 45:16Moun k'ap fè estati yo pral wont, yo tout pral tèt bese. Moun pral pase yo nan betiz.
Isaiah 66:5Koute sa Seyè a di, nou menm ki gen krentif pou li lè li pale ak nou: Paske nou pa vire do ban mwen, gen moun menm ras ak nou ki pa vle wè nou, ki derefize mele ak nou. Y'ap di konsa: Se pou Seyè a fè wè pouvwa li, paske yo ta renmen wè jan nou kontan. Men se yo menm k'ap soti wont.