The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 17 › Jeremiah 17:24

Jeremiah 17:24

Men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Si nou menm nou koute lòd mwen ban nou, si nou pa kite pesonn pote chay antre nan pòtay lavil la jou repo a, si nou kenbe jou repo a tankou yon jou nou mete apa pou mwen, si nou pa fè ankenn travay jou sa a,

Bib La

In The King James Version

And it shall come to pass, if ye diligently hearken unto me, saith the LORD, to bring in no burden through the gates of this city on the sabbath day, but hallow the sabbath day, to do no work therein;

In Context

23Men zansèt nou yo pa t' koute m', yo pa okipe sa m' te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m'. Yo derefize fè sa m' te di yo fè.

25lè sa a, wa nou yo va antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ansanm ak chèf nou yo. Y'a chita sou fotèy wa David la. Yo menm ansanm ak tout pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo, y'a moute cha lagè yo ak chwal yo. Ap toujou plen moun nan lavil Jerizalèm.

Read all of Jeremiah 17

Cross References

Deuteronomy 11:13Nou mèt sèten, si nou mache dapre kòmandman mwen ban nou jòdi a, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou,

Isaiah 21:7Si l' wè kavalye k'ap vini sou chwal yo, de pa de ak yon pati moun sou bourik, yon lòt pati sou chamo, se pou l' louvri je l' gade byen.

Isaiah 58:13Si nou veye kò nou pou nou respekte jou repo a, pou nou pa regle pwòp zafè nou jou ki apa pou mwen an, si se yon plezi pou nou lè jou repo a rive, si nou respekte jou ki apa pou mwen menm, Seyè a, pou jou sa a nou pa nan fè sa ki nan lide nou, nou pa nan vwayaje, nou pa nan fè travay, ni nou pa nan pale vye koze,

Zechariah 6:15Moun ki rete byen lwen va vini, y'a ede nou rebati tanp Seyè a. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou. Se sa menm ki va rive si nou fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou lòd fè.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 17:24

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 17:23Jeremiah 17Jeremiah 17:25 →