Jeremiah 17:26
Moun va soti nan tout lavil peyi Jida yo, nan tout vwazinaj lavil Jerizalèm lan, y'a soti nan peyi moun Benjamen yo, nan zòn ki nan pye mòn yo, nan mòn yo ak nan sid peyi Jida a, y'a pote bèt pou boule nèt pou Seyè a, bèt pou yo touye sou lotèl li a, ofrann grenn jaden yo ak lansan, ansanm ak ofrann pou di Bondye mèsi nan kay Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 15:21Men non lavil kote moun Jida yo te rete nan Negèv la, anba pwent sid peyi a, bò fwontyè peyi Edon an: Kabseyèl, Edè, Jagou,
Ezra 3:11Yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo t'ap di l' mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Seyè a bon! Li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Seyè a, paske yo t'ap mete men nan travay fondasyon tanp Seyè a.
Psalms 116:17M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.
Jeremiah 32:44Wi, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk ki nan vwazinaj lavil Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, nan lavil ki nan mòn yo, nan tout lavil ki nan plenn yo, bò lanmè, ak nan sid peyi a, moun va achte jaden, y'a pase papye tè, y'a sele yo, y'a fè temwen siyen yo. Paske m'ap fè pèp la tounen nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Jerizalèm
Jeremiah 33:13Nan lavil ki nan mòn yo, nan lavil ki nan plenn yo bò lanmè a ak nan sid peyi a, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk nan vwazinaj Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, gadò mouton yo va fè mouton pase devan yo yonn apre lòt pou konte yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Hebrews 13:15Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l' nan bouch nou.