Jeremiah 17:3
Nou menm k'ap fè sèvis sou mòn yo, nan mitan pyebwa yo, m'ap fè moun vin piye richès nou yo ak trezò nou yo poutèt peche nou te fè sou mòn yo toupatou nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 24:13Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an.
Isaiah 2:2Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
Isaiah 39:4Ezayi di l' konsa: -Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn li: -Yo wè tou sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo.
Jeremiah 15:13Seyè a di m' ankò: -M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an, m'ap lage yo nan piyay. Se konsa yo pral peye pou tout peche yo te fè toupatou nan peyi a.
Jeremiah 26:18-Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesaj sa a: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.
Lamentations 1:10Lènmi l' yo vòlò tout bèl bagay li te genyen. Moun Bondye te defann mete pye nan tanp lan, li wè yo antre ata kote yo mete apa pou Bondye a.