Jeremiah 18:17
Se konsa mwen pral gaye yo devan lènmi yo, menm jan van lès gaye pousyè. M'ap vire do ba yo lè malè va tonbe sou yo. M' p'ap okipe yo menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:64Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.
Deuteronomy 32:35Se Seyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.
Job 27:21Yon van lès leve, li pote l' ale. Li rache l' nan kay kote l' ye a.
Proverbs 7:25Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou.
Jeremiah 13:24Mwen menm, Seyè a, mwen pral gaye yo tankou pay van ap gaye nan savann.
Jeremiah 46:21Peyi Lejip te pran yon bann moun lòt nasyon sèvi sòlda nan lame li. Men, yo te gra tankou towo chatre ki nan manje. Yo menm tou yo pa kanpe goumen. Yo vire do yo, yo tout kouri met deyò, lè jou malè yo rive sou yo, lè jou chatiman yo a tonbe sou yo.