Jeremiah 18:19
Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -O Seyè! Tande sa m'ap di ou. Koute sa moun ki pa vle wè m' yo ap di sou mwen.
Bib La
In The King James Version
Give heed to me, O LORD, and hearken to the voice of them that contend with me.
In Context
Cross References
2 Kings 19:16Panche zòrèy ou non, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m', pawòl ki manke Bondye vivan an dega!
Nehemiah 6:9Yo t'ap chache kraponnen nou pou rete travay la. Yo t'ap di nan kè yo: Talè konsa y'a dekouraje avèk travay la, li p'ap janm fini. Aa, Bondye! Ban m' fòs non! Fè m' pa dekouraje!
Psalms 56:1(056:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat. (056:2) Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen. Tout lajounen y'ap fè m' lagè, y'ap toumante mwen.
Psalms 64:2(064:3) Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo.
Psalms 109:28Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan.
Micah 7:8Nou menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n'a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa koulye a, Seyè a va yon limyè pou nou.