Jeremiah 18:22
Y'ap rete konsa, w'ap voye yon bann piyajè sou yo. Lè sa a se va rèl nan tout kay yo. Tou sa, paske yo te fouye yon twou pou fè m' tonbe ladan l'. Yo te mete pèlen pou mwen sou wout mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 56:5(056:6) Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!
Psalms 140:5(0140:6) Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen.
Psalms 142:4(0142:5) Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m'. Pa gen yon moun pou pwoteje m'. Pa gen yon moun pou pran ka m'.
Isaiah 22:1Men yon mesaj pou Fon Vizyon an: -Sa k'ap pase konsa? Poukisa tout moun nan lavil la ap moute sou teras anwo kay yo pou fè fèt konsa?
Jeremiah 4:31Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: -Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou.
Jeremiah 9:20Mwen di: -Nou menm medam, koute sa Seyè a ap di. Louvri zòrèy nou pou nou tande pawòl k'ap soti nan bouch li. Moutre pitit fi nou yo jan pou yo plenn. Y'a moutre zanmi fi yo jan pou yo rele.